NimewoTwa

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Aprann pou Chanje, Nimewo 3

Edikasyon pou libere

Ann Ayiti li klè lekòl pa fòme konpotman ak pratik demokratik. Pratik aprantisaj ki genyen nan lekòl yo pa bay posibilite pou lekol akonpli fonksyon kritik li epi li pa ede devlope lespri kreyativ.Li pa kite plas pou devlope relasyon koperativ,ni patisipativ,nan klas lekòl yo,nan sant fòmasyon,nan klas Alfa yo.Konsa pwosesis edikasyon yo pa kreye baz ni nan kontni,ni nan metòd yo pou fasilite konstriksyon demokrasi.

An reyalite kesyon fondamantal nou dwe poze kounyeya se eske nou asepte repwodwi fòm edikasyon ki ap kontinye dominasyon sosyete liberal la.Eske n ap kontante n ak yon edikasyon ki jwenn sous nan modèl sosyete endistriyèl kote mòd transmisyon konesans rete konekte ak lojik mache a.

Depi nou pale sou aprantisaj ki kapab libere moun,li dwe demake tout lojik dominasyon.Li dwe enskri li pito nan yon lojik kritik. Epi pou edikasyon an kapab ranpli wòl kritik li, li bezwen pran nesans nan kontèks kesyone sosyete a tout dimansyon. Nan sans sa a, yon aprantisaj pou libere ap bati sou yon lojik kesyonman,epi yon kesyonman pèmanan. (Eddy Sterling).

Plas lekti nan yon pwosesis edikasyon.

Entevyou Maximene Pressoir ak Paulaine Presendieux.

Paulaine- Kisa lekti ye ? Maximene- Lekti se pran enfòmasyon, konprann ni epi kapab eksplike sa ou li a. Paulaine- Ki wòl lekti genyen nan yon pwosesis edikasyon? Maximene- fe lekti ka ede moun konprann pi fasil sa yo li, li ogmante entelijans moun plis, li chase estres kay moun, li pemet moun gen plis konfyans nan tet yo, ede moun fe rezime yon liv pi fasil epi anrichi vokabile moun, bay moun plis fasilite pou trete yon sije, diskite sou yon teks. Paulaine- Ki enpòtans ou we yo bay lekti nan edikasyon an Ayiti? Maximene- Yo pa akòde twòp enpòtans ak lekti nan edikasyon an Ayiti, paske yo plis aprann moun yo foure nan tet yo yon paket bagay san konprann,yo pa ankouraje moun fe lekti,men pito fe jako repet. Paulaine- Pou kisa se enpòtans sa a yo ba li? Maximene- yo ba l enpòtans sa a, se paske majorite moun ki plase pou pran gwo desizyon yo,yo menm tou se nan menm moul la yo te pase. Kidonk,yo pat ba yo abitid fe lekti epi yo pa pran tan pou yo kesyone,se sak fe li vin difisil pou yo reflechi sou yon kesyon konsa e pou we enpòtans sa genyen.

 Paulaine- Ou menm pa egzanp le w te lekòl, eske yo te fe w egzijans fe lekti epi bay opinyon w sou sa ou li a ?
Maximene- Mwen pa t gen chans jwenn sa. Paulaine- Pandan 14 lane ou pase lekòl, konbyen liv ou li konsa ? Maximene- 2 ak 3 liv konsa. Paulaine- Ki konsekans sa genyen sou lavi entelektyel moun an jeneral ? Maximene- Li fe w pe pran lapawòl, e le w oblije pran pawòl swa nan yon maryaj oubyen nan lòt bagay, li fe w estrese, ou pa kwe nan tet ou, li fe men nivo konpreyansyon w, li fe w pase pou pi piti menm si ou te pi gran. Paulaine- Ki konsey ou ta ka pote sou kesyon fe lekti ?
 Maximene- Mwen t ap kòmanse bay tet mwen konsèy dabò, kise bay tet mwen abitid fe lekti, e m ap di nou tou, pa tann moun fe nou obligasyon sa a, paske sa ap pote anpil bagay ki bon pou nou. Li bay ou fasilite pou konprann pi byen sa ou li, li pemet ou anrichi konesans ou, li chase estres lakay ou, li mete plis konfyans nan ou, li bay lòt moun chans pou aprann anpil bagay nan men ou. 

Komante sou atik << Wonn Refleksyon e edikasyon an Ayiti >>

Se yon bon bagay le moun bay tet yo pou devwa poze kesyon sou tet yo, sou lòt moun, epi sou tout bagay ki anviwone yo. Kidonk,se sa k fe filozofi a gen tout vre vale l,paske pesonn pa kapab rezoud yon pwoblem si li pa konn tout kòz pwoblem nan.Konsa fòk kesyon poze.

Sepandan,ote atik la gen rezon le li denonse jan edikasyon ap pratike an Ayiti, yon bon edikasyon pa ta dwe fet nan sans vetikal,fòk tout moun konsene,epi repons pwoblem yo pa ta dwe pote pa yon sel moun.

Se sa k fe nou ankouraje metòd Wonn Refleksyon an,paske li pote anpil chanjman nan fason moun ap reflechi,diskite sou pwoblem ki enterese yo. W.R pemet moun devlope lespri yo nan tolerans,li chase timidite,e li bay chans ak tout patisipan pou yo di sa yo panse. Nou kwe si metòd sa a ta pran tout peyi a,li ta ka transfòme sosyete a. (James Saintene).

Temwayaj kolej Saint- Thomas.

Kisa Wonn Refleksyon fe pou kolej Saint_ Thomas?

Nou kontan pou n di kisa Wonn refleksyon fe pou lekòl Saint- Thomas. Avan nou e rankontre ak monite Wonn Refleksyon yo,sa pa t mache byen ditou. Se te yon paket pwoblem, nou yonn pat konprann lòt. Lē nou vin rankontre ak monitē Wonn Refleksyon yo li te le li tan. Eksperiyans ak Wonn Refleksyon nan Saint- Thomas se yon bagay nou pap janm bliye. Timoun lekòl la vin pi byen aprann, pou kisa?

Gen respe yonn pou lòt, chak moun nan lekòl la vin konprann tach li, gen tolerans, aksepte moun menm le sa li di a ou pa dakò. Timoun vin kapab reflechi sou nenpòt teks ki paret devan yo. Degaje lespri yo sou kelkeswa teks la. Vin gen nan Saint- Thomas yon lespri ekilibre ant pwofese ak elev, kou yo dispanse pi byen.

Opinyon pa nou nan Saint-Thomas:

Se pou ta genyen yon semine Wonn Refleksyon ant elev nan yon lekòl ak lot lekòl pou nou te ka we nivo elev nou yo ki ap fe esperyans ak Wonn Refleksyon. E nou remake timoun ki patisipe nan aktivite Wonn Refleksyon yo li pi byen epi konprann klas la.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited November 17, 2003 10:42 am USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: