NotRankontOut2004

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

FonEksperyansla

Rapò reyinyon Komite Fon Eksperyans la (KFEL)

Samdi 7 out 2004-08

Lokal : Fondasyon Limyè Lavi, Dèlma 95 (Ri Bailly), Ayiti.

ENTWODIKSYON

Samdi 7 out 2004 la, komite fon eksperyans la (KFEL) te reyini nan lokal fondasyon Limyè Lavi Dèlma 95 (ki nan ri Bailly)-Ayiti pou evalye travay li fè deja epi defini nouvèl oryantasyon pou fon an. Reyinyon an te fèt soti 10è nan maten pou rive 3è apremidi. Te genyen douz (12) moun ki te patisipe nan rankont la :

o Johny SAINT LOUIS

o Frémy CESAR

o Coleen Hedglin

o Jude APPOLON

o Ulrick DENIS

o Edy STERLIN

o Kristy STOEZ

o Abner SAUVEUR

o Ezner ANGERVIL

o Franzie CYRIL

o John ENGLE

o Steven WERLIN

John ENGLE ki te ouvri rankont la te envite patisipan yo itilize metòd Espas ouvri pou anime rankont la. Tout moun te mete yo dakò sou sa. Te genyen divès sijè ki te pwopoze pou rantre nan ajanda jounen an. Tout sijè yo te abòde nan gwo wonn. Pat genyen travay nan atelye. Refleksyon yo te chita sou divès pwen sa yo : 1- Diferans ant eksperyans la ak fon eksperyans la

2- Demach pou rive apwouve yon pwojè.

3- Fason pou deside ki pwojè ki dwe gen priyorite pami pwojè ki elijib yo, si pa genyen fon disponib pou finanse tout pwojè yo.

4- Relasyon ki dwe genyen ant komite fon an, pratikan yo ak enstitisyon oubyen gwoup ki jwenn finansman nan fon an pou fòmasyon sou metòd Wonn Refleksyon ak Espas ouvri.

5- Gwoup ki kapab jwenn finansman nan fon an.

6- Frè pou Espas ouvri.

7- Materyèl ki disponib pou anime Wonn Refleksyon ak moun k ap jere yo.

8- Fason pou manb komite a kenbe kontak.

Diferans ant EKPERYANS ak FON EKSPERYANS LA

EKPERYANS ak FON EKSPERYANS LA se 2 bagay diferan. Eksperyans la yon pwogram k ap soutni metòd Wonn Refleksyon ak Espas ouvri. Fon Eksperyans la se yon fon ki soti nan bidjè eksperyans la (Yon don) ki la pou soutni aktivite fòmasyon sou 2 metòd yo. Se komite fon eksperyans (KFEL) k ap jere fon sa. Depans tankou : frè administratif, frè pou vwayaj, bous pou Espas ouvri sou Espas ouvri pa sou kont li.

Demach pou apwouve pwojè k ap jwenn finansman nan fon an

Pou yon pwojè elijib fòk li jwenn apwobasyon :

1- Yon manb komite fon an ki sou tèren ki reponn pou al vizite gwoup la lè l ap travay epi prepare rapò pou fè komite a jwenn jou vizit li yo.

2- Yon moun ki konn jwenn finans oubyen yon moun k ap fè lyezon ap bayèdefon.

3- Nenpòt lòt manb nan komite fon an.

4- Pratikan ki pral anime fòmasyon an.

Fason pou deside ki pwojè ki genyen priyorite

Refleksyon yo te montre avèk kantite mand komite a genyen an li difisil pou l analize tout pwojè yo epi deside ki pwojè ki dwe gen priyorite pou jwenn finansman pou yon peryòd. Konsa, desizyon pran pou fòme yon komite ki gen misyon pou analize diferan pwojè ki elijib yo, gade kantite kòb ki disponib nan fon an epi deside ki pwojè ki kapab jwenn finansman. Komite sa rele : « Komite suivi apwobasyon » ki genyen ti jwèt non << KSA> > . Se KSA k ap bay otorizasyon pou debloke kòb pou yon pwojè. Tout pwojè ki elijib ki pa rive jwenn finansman nan yon peryòd ap rete nan dosye annantandan genyen lòt kòb ki disponib.

Lè yon pwojè fin jenn apwobasyon nesesè ki fè li vin yon pwojè elijib, manb komite sou tèren ki te apwouve pwojè a ap fè KSA jwenn li.

KSA genyen twa (3) manb. Komite a eli yo pou yon ane. Chak ane ap genyen eleksyon ki fèt pou mete yon nouvo komite. Manb KSA yo pap touche pou travay y ap fè a. Pou sa ki gen pou wè finansman k ap soti nan fon eksperyans la, se sèlman youn sou twa (3) manb yo ki kapab soumèt pwojè pou jwenn finansman nan fon an.

Premye komite a genyen ladan :

1- Frémy CESAR

2- Steven WERLIN

3- Frantzie CYRIL

Manda yo kòmanse samdi 7 out 2004 la. L ap fini 26 jen 2005 la nan Espas ouvri sou Espas ouvri k ap fèt nan Vila Ormiso (Bizoton-Ayiti), soti 23 pou rive 26 jen. Komite a ap fè eleksyon pandan Espas ouvri a. Nouvo komite ap monte dimanch 26 jen an.

Relasyon KFEL, Pratikan, Enstitisyon/Gwoup?

Fon ekperyans la ap finanse pwojè pou enstitisyon ak gwoup sou metòd Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri. Genyen de (2) posibilite : swa se yon enstitisyon/gwoup ki tande pale de metòd yo ki kontakte yon pratikan pou ede l jwenn fòmasyon sou metòd yo oubyen yon pratikan ki eksplike responsab yon enstitisyon/gwoup metòd yo epi motive yo pou jwenn fòmasyon sou yo. Nan tou 2 ka yo, pratikan an nan tèt kole ak responsab enstitisyon an/gwoup la ap ekri yon pwojè ak yon bouyon akò pou soumèt bay komite fon an. Si pwojè a jwenn finansman nan fon an, pratikan ki pral anime fòmasyon an (2 pratikan) ansanm ak responsab enstitisyon/gwoup la ap finalize akò a epi siyen l anvan fòmasyon an kòmanse. Tèks akò a dwe mantione responsabilite pratikan yo, responsabilite enstitisyon/gwoup la ak responsabilite KFEL. Komite a ap prepare yon prepare yon dokiman pou montre gran pwen ki dwe rantre nan pwojè yo ak nan akò yo. Pratikan yo ak responsab enstitisyon/gwoup la ap fè KFEL jwenn yon rapò evalyasyon sou dewoulman fòmasyon an chak 2 mwa. Rapò sa yo dwe genyen siyati tou 2 pratikan yo ak yon responsab enstitisyon/gwoup la. Se aprè chak rapò li resevwa Komite a ap otorize debloke kòb pou lòt tranch ki ki rete yo.

KFEL ap depoze kòb yo dirèkteman sou kanè bank pratikan yo nan FONKOZE. Depans pou liv pou fòmasyon an dwe rantre nan bidjè pwojè a. Yon pratikan lib pou li fè fòmasyon pou yon enstitisyon ki kapab resevwa yon fòmasyon san li pa bezwen sipò finansye fon an. Enstitisyon/gwoup la ap achte materyèl li bezwen pou sa. Men si komite a pa genyen garanti sou kalite fòmasyon an, si yo pral itilize metòd yo kòmsadwa, li kapab deside pa vann yo materyèl pou sa.

 	Yon pratikan k ap fè benevola nan yon enstitisyon/gwoup kapab soumèt yon pwojè pou jwenn finansman pou li.  Men fòk dezyèm pratikan ki pral akonpaye l nan anime fòmasyon an pa manb enstitisyon/gwoup la.

Gwoup ki kapab jwenn finansman

Pou yon gwoup jwenn finansman nan fon eksperyans la, fòk li egziste pou pipiti depi yon ane, genyen yon dokiman ki eksplike objektif li, pou kisa yo mete l soupye. Se pa yon pwoblèm si li poko genyen rekonans legal.

Frè pou Espas ouvri yo

Frè ki prepare nan bidjè fòmasyon yo pou Espas ouvri yo se pou pratikan yo. Pratikan yo genyen responsabilite pou achte materyèl nesesè y ap bezwen pou reyalize Espas Ouvri yo. Se gwoup k ap suiv fòmasyon an (patisipan yo) ki dwe deside kisa y ap bezwen bay pou moun manje pandan Espas Ouvri yo, kòman y ap fè sa ak ki kote y ap jwenn kòb pou sa. Depi fòmasyon an kòmanse pratikan yo se manb gwoup la tou. Y ap aranje yo ansanm ak lòt patisipan yo pou yo wè kisa yo bezwen fè pou reyalize Espas Ouvri yo.

Materyèl ki disponib ak moun k ap jere yo

Genyen kèk liv patisipan 1 ak patisipan 2 ki disponib. Si yon moun bezwen l ap kontakte APA, Frémy CESAR ap kowòdone. Liv imaj ak pwovèb la, liv patisipan 1 ak liv gid la nan pwosesis pou enprime. Liv yo pap gratis. Si yon moun oubyen yon enstitisyon/gwoup bezwen liv, y ap achte yo. Liv patisipan 1 ap koute 35 goud. Poko genyen evalyasyon ki fèt pou pri lòt liv yo. Se APA k ap jere liv yo. Men Limyè Lavi ap jwe wòl ajan fiskal pou sa. Lè yon moun, enstitisyon/gwoup achte liv y ap peye Limyè Lavi (pa chèk oubyen Kach).

Fason pou KFEL kenbe kontak

Pou kapab genyen kontak pi sere ant manb komite a, desizyon pran pou kreye yon gwoup sou entènèt pou tout manb komite a. Lè sa, depi yon manb nan komite a voye mesaj, tout manb yo ap jwenn anmenmtan. Nan fason pou wè kòman fòmasyon yo ap mache epi fasilite echanj ant diferan pratikan k ap anime fòmasyon yo, genyen pwopozisyon pou ta gen gwo rankont Espas Ouvri ki pèmèt pratikan yo ak manb komite fon an rankontre. KFEL ap fè pwochen rankont li samdi 22 janvye 2005 la soti 10è nan maten pou rive 3è apremidi nan lokal Limyè Lavi (Dèlma 95, ri Bailly).

Johny SAINT LOUIS


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited February 23, 2005 2:29 pm USA Pacific Time by pcp09745993pcs.hershy01.pa.comcast.net
Search: