OtojesyonakOtonomi

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

che Zanmi,

Vin jwenn ak Asosyasyon Peyizan Fondwa nan yon apre midi refleksyon nan tet kole ak Inivesite Fondwa sou tèm: Koman nou kapab devlope yon mantalite k ap mennen nan otojesyon ak otonomi?

Dat : 21 me 2004, 1P rive 4P nan apre midi. Lokal : Asosiyasyon Peyizan Fondwa.

Pou abode tem sa a, nou pral sevi avek yon metod ki rele “Espas Ouvri.” Se yon metod patisipativ ki favorize yon bon echanj demokratik nan mitan gwoup moun k ap oganize reyinyon, konferans ak kolok. “Espas Ouvri” se yon metod kote se moun ki prezan nan rankont la ki pran responsablite kreye ansanm yon pwogram ak yon ajanda pou tan y ap pase ansanm. Sa vle di, se nou menm menm, patisipan nan rankont 21 me a, ki pral genyen pou detemine ki sije ak ki aspe ki tonbe anba gwo tem nan nou vle abode. Kidonk, balon an nan pye nou tout! Paske Espas Ouvri se yon metod ki chita sou yon seri atelye nou menm patisipan nou pral tabli. Sel preparasyon nou bezwen fe se reflechi sou lide ak sije nou kwe ki enpotan pou n abode ansanm.

Apre rankont la, chak moun ki la ap jwenn yon rapo ki gen not ki soti nan tout atelye yo ak lis moun ki te patisipe ladan yo.

Pou konfime prezans ou kontakte :

Renate Schneider Marie poirier Laurent Delugin Anne Rossignol Carmelle Voltaire

Avek anpil respe


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited May 16, 2004 6:11 pm USA Pacific Time by dpc6682009063.direcpc.com
Search: