SeMounkiKaChanjeLemond

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

LismounkigenyenVideyoSeMounkiKaChanjeLemond Si ou ta renmen gade videyo a, w ap jwenn moun ki genyen l.


Sa fe m plezi pou fe nou konnen videyo nou an--"SE MOUN KI KA CHANJE LEMOND"/"CIRCLES OF CHANGE"--gentan fet ak soutit an franse. YON GWO KONPLIMAN A JANE AK DANIEL ! TRAVAY NOU TE REYALIZE SE BEL ANPIL EPI NOU TELMAN APRESYE JAN NOU MENM (JANE AK DANIEL) TE METE TOU KE NOU AK KREYATIVITE NOU LADAN L.

MESI TOU, FREMY, POU TOUT TRAVAY OU GENTAN FE POU EDE NAN REYALIZASYON PWOJE SA A.

Genyen moun ki pral sevi ave l nan fomasyon y ap fe pandan semenn k ap vini yo ni nan peyi DRC (Kongo Repiblik Demokratik) ni nan Burundi. Mwen twouve sa bel pou we jan travay nou ap mache byen lwen.

Moun ki responsab pou fomasyon k ap fet nan Kongo Repiblik Demokratik mande m si nou genyen lot materyel ki ekri epi esplike jan nou sevi ak videyo sa a nan fomasyon.

Genyen plizye moun k ap sevi ak vezyon angle nan fomasyon/kou yo. M ap mande yo pataje ak nou eksperyans pa yo ak itilizasyon videyo nan fomasyon yo fe.

M ap envite nou menm, pataje nenpot refleksyon oswa eksperyans nou genyen sou fason pou sevi ak videyo nan kad fomasyon.

Si ou alez ak wiki, ou met ajoute teks ou la. Si ou pito voye teks ou a mwen menm, m ap mete l sou wiki a. Mesi anpil mailto: john@eksperyansla.info



TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited April 13, 2005 3:29 pm USA Pacific Time by Jengle
Search: