UlrickDenis

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

PLAN ANYEL

Plan Ulrick Denis pou 9 mwa. 1 Jiye 2003- Mas 2004

Vizyon lontèm : 1- Wè kontribisyon m nan alfa a pèmèt to analfabetis la diminye ann Ayiti 2- We prensip Wonn Refleksyon vin yon bagay natirel nan lavi plis moun. 3- Fè l posib, pou plis moun jwenn posibilite pou pataje epi kiltive konesans ak eksperyans sou non-vyolans.

Objektif ak estrateji pou 9 mwa :

1- Aktivite nan zafè alfabetizasyon - Patisipe nan anime seminè fòmasyon pou monitè kote ki gen bezwen. - Patisipe nan òganize seminè Wotalfa nan sans: Prepare lèt envitasyon, fè moun jwenn lèt sa yo, prepare fich pou manje, bay kout men nan tape nòt yo epi fè moun jwenn nòt sa yo, toujou disponib pou bay moun enfòmasyon sou seminè k ap fèt. - Kolabore ak Bayyinah, Samson , Jude nan kad refleksyon e lòt aktivite yo gen pou fè pou Wotalfa ak GALO. - Bay kout men nan acha materyèl, nan distribisyon materyèl, nan preparasyon pakè pou sant yo. - Rive fè kèk vizit nan pòtopwens tankou vil pwovens si komite egzekitif Wotalfa dakò sou sa epi finanse vizit sa yo. - Pataje konesans mwen genyen sou Word, Publisher ak entènèt pou kèk monitè ak lòt zanmi ki enrese apwofondi konesans yo epi ranfòse kominikasyon ak lòt moun.

2-Aktivite sou wonn Refleksyon ak Espas Ouvri. - Fè pwomosyon Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri sitou anndan sant alfa. - Rive touché plis lekòl nasyonal nan kad objektif GALO - Anime fòmasyon Wonn Refleksyon pou fanm viktim (3 mwa) - Kontinye fòmasyon nan lekòl nasyonal Guillaume Manigat. - Kontinye patisipe nan retrèt St-Joseph family, Wings of Hope e Trinity house ap fè. - Kontinye fòmasyon Wonn Refleksyon nan Haitian street children, Delmas 31.(3 mwa) - Ankouraje plis fanm vin patisipe nan W.R fakilte syanzimèn. - Anime 2 Espas Ouvri pou fanm victim. - Chèche finans pou òganize yon Espas Ouvri nan mwa novanm 2003 pou elèv nan lekòl nasyonal Guillaume Manigat. - Patisipe nan kèk seyans seminè sou liv Paulo Freire, fakilte syanzimèn - Travay pou ranfòse relasyon GALO ak NCHR ak lòt òganizasyon ki kont sistèm restavèk.

3-Sou plan pèsonel - Amelyore konesans mwen nan lang angle. - Kontinye travay sou memwa m nan fakilte etnoloji. - Ale nan bibliyotèk omwens yon fwa pa semen. - Vizite kèk moun ki malad epi ale legliz lè sa posib.


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited August 8, 2003 12:00 pm USA Pacific Time by vsat-148-64-37-241.c050.t7.mrt.starband.net
Search: