WolakResponsabiliteKomiteFonEksperyansla

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Fòmasyon

Objektif pou pwogram Eksperyans la nan yon lòt kalte lidèchip se pou kreye sa nou rele Kominote Aprantisaj .

Kominote Aprantisaj

Kominote Aprantisaj se yon gwoup 15-25 moun -pwofese, manm nan yon kominote/ oganizasyon, elatriye k ap aprann teknik ak pratik patisipativ ansanm. Pou lenstan se metod Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri yo aprann. Genyen de (2) animate--nou pito rele yo “ pratikan “--ki rankontre ak gwoup la chak senmenn pou fe yon seyans ak yon metod Wonn Refleksyon. Yo fe sa pou si mwa. Anplis, pandan si mwa yo pral reyalize twa rankont ki dire 4 ed tan a 6 ed tan nan yon metod ki rele espas ouvri. Nou anvizaje entegre lot metod patisipativ tankou Refleksyon Bibla. Eksperyans sa yo pral ede patisipan yo devlope plis kapasite pou reflechi, analize, kominike, koute, ansenye epi kolabore. Se yon bon mwayen pou ede yo devlope kapasite nan lidechip.

Wol ak Responsabilite Komite Fon Eksperyans la

Komite Fon Eksperyans la responsab pou :

1. chache finans pou fon an

2. deside ki pratikan Espas Ouvi ak Wonn Refleksyon eligib pou akonpayi gwoup/enstitisyon soumet aplikasyon

3. pran desizyon sou aplikasyon gwoup/enstitisyon soumet pou don

4. rann enstitisyon/gwoup ka p resevwa fomasyon vizit epi ekri rapo

5. ede Fon Eksperyans la navige lavni byen pou l ka evolye yon fason pozitiv epi akonpli misyon li.

Senk (5) tach sa yo t ap pataje pami manm nan Komite a. Nou t ap anvizaje gen moun k ap konsantre sou #1 epi gen lot k ap konsantre sou #4. Men, nou tout t ap patisipe nan yonn fason ou lot pou asire gen bon desizyon k ap pran.


Pwosesis pou Komite a pran desizyon :

Depi yon pwoje oswa fomile ki ranpli ak yon ako ant pratikan Espas Ouvri ak Wonn Refleksyon ak responsab gwoup/enstitisyon gen apwobasyon moun ki dekri la, li t ap tou apwouve :

1. Yon moun sou teren ki t ap dako pou rann vizit epi ekri rapo

2. Yon moun ki konn jwenn finans oswa moun nan menm k ap fe lyezon ak bayedefon.

3. Nenpot lot manm nan Komite a kom twazyem moun

4. Pratikan – anfet, fok yon praktikan ki Komite a detemine eligib deja enplike paske se li menm kap bati ako ak enstitisyon an.


Distribisyon lajan :

(sa poko detemine)


Fonksyonman

Manm nan Komite a pral sevi ak kat mwayen pou kominike pou jere fon an :


Manm nan Komite ap chwazi selon krite sa a (1,2, ak 3 ou/ak 4) :

1. Li vle fe pati epi l ap disponib pou kontribye tan ak eneji.

2. Li gen istwa ak WR ak/ou EO.

3. L ap angaje pou chache finans (ak lot resous ?) pou fon an, sa vle di li gen kontak regilye ak bayedefon.

oubyen :

4. Li sou teren epi li disponib pou rann vizit a oganizasyon k ap jwenn fomasyon epi fe yon ti rapo pou distribye a manm nan Komite a.

Komite a kapab gen yon tye nan manm yo ki elijib kom pratikan pou kolabore ak Fon Eksperyans la nan akonpayi gwoup ak enstitisyon. Sa vle di, si nou gen 15 manm nan komite a, kapab gen 5 ki konn bay fomasyon epi touche nan men gwoup ak enstitisyon k ap resevwa don nan men Fon Eksperyans la.


Pwosesis pou ajoute manm nan Komite a :

Yonn nan manm t ap pwopoze nouvo manm ki reponn a krite #1,2, ak 3 e/ou 4. Depi tout lot manm pa refize l, l ap vin manm.


Yon seneryo jan fon t ap mache sou teren an :

1. Responsab enterese : responsab nan yon lekol oswa lot oganizasyon t ap tande sou WR ak EO epi ta enterese aprann pi plis oswa kareman jwenn fomasyon pou li oswa pou lot moun nan oganizasyon li. (petet li te aprann sa pa yon pratikan WR ak EO ki te pale ak li, montre l videyo, envite l patisipe nan yon rankont, elatriye.

2. Responsab ekri pwoje/ranpli fomile : responsab t ap travay ak yon pratikan pou ekri yon pwoje (selon reg nou yo) oswa ranpli yon fomile nou t ap kreye pou demann yon don ki t ap kouvri yon fre pou pratikan ak lot depans nesese.

3. Komite Eksperyans la dako pou enstitisyon ak pratikan devlope yon ako ant yo : depi Komite apwouve ako a, yon fon t ap disponib pou enstitisyon peye pratikan ak lot depans selo pwoje/fomile ki te ranpli.

4. vizit ak rapo : manm nan Komite a sou teren an ki te apwouve pwoje/fomile epi ako a, t ap rann oganizasyon yon vizit pou pale ak responsab ak kek nan moun t ap jwenn fomasyon. Apre li t ap fe yon ti konvesasyon ak yo, li t ap fe yon rapo epi fe pratikan ak res manm nan Komite a jwenn li.


Fomasyon tipik :

Menmsi nou ta byen kontan gen varyasyon nan program fomasyon responsab ak praktikan devlope – yon fomasyon ki byen adapte a sityasyon an epi selon entere responsab la/yo – nou t ap swiv program pratikan deja konn fe yo :

1. Yon seyans wonn refleksyon chak semen (2 zed tan konsa) padan 3 – 6 mwa

2. De (2) ou twa (3) rankont Espas Ouvri pandan period fomasyon yo selon yon tem ki devlope pa manm nan fomasyon yo ak konsiltasyon a responsab la/yo ak pratikan.


Praktikan ki elijib :

Yon pratikan vin elijib pou kolabore ak Fon Eksperyans la epi akonpayi responsab nan gwoup/enstitisyon ranpli epi soumet aplikasyon depi gen twa (3) manm nan Komite a ki detemine li gen ase kapasite pou :

1. anime seyans WR byen

2. travay ak responsab yo pou ede yo reyalize yon espas ouvri (detemine tem ak moun ki envite, fe envitasyon, elatriye)

3. prepare espas la epi anime Espas Ouvri

4. byen reprezante Fon Eksperyans la epi byen jere pwosesis pou kreye bidje epi ako


FonEksperyansla

ManmnanKomiteFonEksperyansla


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited October 27, 2007 2:48 am USA Pacific Time by c-66-177-220-112.hsd1.fl.comcast.net
Search: