AtelyeFonEksperyansReyinyonAnyelLL2004

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome


Lekol vivan/fon eksperyans la

Reyinyon Anyel LL 2004

Animate: TiKo? ak John

Patisipan: David, Fremy, Jude, Samson, Kristy, Auror

Tiko ak GALO te fikse yon plan pou demare men sa pa t fet poutet kriz peyi a. Pa gen lajan nan bidje Limyè Lavi pou inisyatif Lekol Vivan pou ane fiskal 2004-05. Tiko we l kom yon aktivite Limyè Lavi epi li menm ak lot moun enplike t ap eseye jwenn finansman lot kote pou li.

Gwosomodo: fe yon seri espas ouvri nan 6 zonn diferan nan metropolitan potoprens. Tem espas ouvri yo se : ki jan nou ka rive bay yon kalite edikasyon ki rann elev pi otonom, nonvyolan epi swaf pou aprann. Tiko ak GALO t ap konte bon lide ak inisyatif t ap soti kom rezilta espas ouvri sa yo. Yo t ap eseye soutni lide yo t ap rejwenn ansanm.

David touché yon pwen ki deja Tiko ak GALO ap reflechi sou li : eske prezans Tiko ap mete lespwa nan tet moun, ke gen blan ladan l epi kapab gen finansman disponib. Manm nan GALO ak Tiko kwe li enpotan pou chak patisipan peye yon fre patisipasyon kom 75 goud pou egzanp.

John ap poze kesyon sou koman manm nan GALO ap viv. Yo kapab jwenn finansman atrave Fon Eksperyans la, men, si y ap envesti tan nan reyalizasyon Lekol Vivan, eske y ap jwenn yon fre pou travay yo ? Yo poko gen lide konkre sou sa men Tiko te di sa se yonn nan priyorite li, pou abode sa a.

Premye objektif yo genyen se pou bati yon rezo. Jude pale sou lide yo gen pou envite patisipan yo pou “host” yon espas ouvri. Tiko pale sou enpotans pou yo fe plis rechech sou lot rezo nan domen edikasyon.

Nou te janbe sou Fon Eksperyans la. Tiko te li tout enfomasyon ki, jiska prezan, sou wiki sou Fon Eksperyans la. (John te enprime yo).

Kisa ki dwe abode :

Pwen 4, rann institisyon vizit oswa yon lot kote nan teks la, fok nou pale sou objektif vizit la. Sa se yon bagay nou bezwen vin pi kle : eske se yon vizit evalyasyon oswa eske se yon vizit senp de yon koleg.

Tiko ap mande si l ap limite sou fomasyon WR ak EO oswa si gen lot teknik moun ka bay fomasyon sou li, kom CLE. Tout moun kwe li enpotan pou n eksplore kesyon sa a.

David poze kesyon sou pratikan elijib yo : eksperyans yo varye anpil. Eske yon vizit pa yon manm nan komite a ase pou asire bon pefomans. Repons moun te bay david : li bon pou n rann nou kont sou sa. Deja, pratikan toujou mache nan ekip de (2) moun. Sa se yon prensip nan jan Fon Eksperyans la pral mache. Lot bagay, petet li ta bon pou n eseye asire pratikan ki pat janm fe fomasyon nan kapasite fon eksperyans la, t ap kolabore ak yon pratikan ki gen plis eksperyans.

Yon kesyon ki toujou difisil pou jere se relasyon ant enstitisyon ak pratikan anfas lajan pratikan ap touché. Eske sa pral kreye jalouzi ant responsab enstiti a ak pratikan? Tiko pale sou fines ki nesese pou pratikan. Yo paka cho pou konvenk yon moun pou anbouche yo poutet yo pral touché nan yon fon. Pito responsab la gentan cho sou metod la epi l ap mande pratikan pou fe sa. Nan yon sityasyon konsa, li nomal pou pratikan di konbyen sa pral koute pou l fome moun yo. Kounye a, si enstitisyon pa gen lajan, men responsab yo vreman cho, pratikan ka esplike gen fon pou sa. Si responsab la vle ranpli yon fomile oswa aplike pou jwenn yon bous, pratikan kapab ede l fe sa.

Nou te detemine li vreman enpotan pou fe yon rankont pou pratikan elijib selman ak manm komite a pou n ka brase lide sou tout bagay sa yo. EOsouEO? pa p bon pou sa paske li bezwen yon rankont ki se selman pou moun sible yo.

KomanteSouNotAtelyeFonEksperyansReyinyonAnyelLL2004



TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited May 15, 2004 1:43 pm USA Pacific Time by John Engle
Search: