EspasOuvrisouEspasOuvri2005

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

Chè Kòlèg,

Nou fè ou konpliman pou tout sa w ap fè pou ankouraje ak favorize dyalog ak lapè.

N ap pwofite evite ou vin patisipe nan katriyèm rankont anyèl Espas Ouvri sou Espas Ouvri an Ayiti sou tèm :
Pratike Espas Ouvri:
kiltive lapè , demokrasi ak Otonomi

Dat : 24, 25, 26 jen 2005

N ap envite moun vin soupe ansanm jedi 23 jen a 5:00 epi n ap fini apre manje midi dimanch 26.
Lokal : Villa Ormiso, Bizoton 53, #7 carrefour
( Gen pakin pou moun k ap vin ak machin, epi pisin pou moun ki konn naje)

Espas Ouvri se yon fason pou envite kreyativite ak inovasyon, kit se oganizasyon ou kote ou travay, kominote ou, legliz ou, antrepriz ou, nan fanmi ou, e menm pou lavi pesonel ou. Lè nou pratike Espas Ouvri, sa ankouraje efikasite, kreyative ak tèt ansanm. Rankont sa pral ofri nou posibilite pou n pataje eksperyans nou yonn ak lòt.

Nou pral sèvi ak metòd Espas Ouvri pou rankont sa, yon metod patisipativ ki mete responsabilite pou program nan, nan men tout patisipan. Pou moun ki pratike Espas Ouvri deja, sa pral ba w opòtinite pou apwofondi eksperyans ou. Epitou, sa pral bay nouvo moun posibilite dekouvri Espas Ouvri.

Frè Patisipasyon :

Etranje yo ki pa rete ann Ayiti : US$ 300 anrejistraman, manje ak dòmi
Moun ki travay nan antrepriz oswa ONG : $ 60 ameriken (anrejistreman ak manje selman), $ 25 ameriken anplis pou dòmi twa nwit = $ 85 ameriken Total pou tout
Tout lòt moun :$ 40 ameriken (anrejistreman ak manje selman), $25 ameriken anplis pou dòmi twa nwit = $ 65 ameriken Total pou tout

Plas limite. Nou ankouraje nou pou pa ret tann jis denye moman pou enskri. Denye dele pou enskri se jedi 10 jen 2005.
Pou jwenn plis enfomasyon ale sou : http://www.eksperyansla.info oubyen kontakte moun ki nan lis sa a :

FremyCesar : mailto:fremycesar@hotmail.com ak tel. : 409-0192
UlrickDenis : mailto:ulrickafr@yahoo.fr
JohnEngle: mailto:john@eksperyansla.info
ColeenHedglin? : mailto:transtravel@aol.com,
SamsonJoseph : mailto:samimijoseph@hotmail.com
KristyStoesz? : mailto:krick_krack2003@yahoo.com
      Steven Werlin : mailto:sjwerlin@shimer.edu
      JudeAppolon? : mailto:judeappolon@hotmail.com


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited February 23, 2005 8:05 am USA Pacific Time by dpc6682009029.direcpc.com
Search: