EvalyasyonEnpakKominoteAprantisaj

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

tounen sou :

KominoteAprantisaj

FonEksperyansla


Evalyasyon Fomasyon WR ak EO

(Kominote Aprantisaj)

5 Janvye, 2005

Kominote Aprantisaj se yon gwoup 15-25 moun -pwofese, manm nan yon kominote/ oganizasyon, elatriye k ap aprann teknik ak pratik patisipativ ansanm. Pou lenstan se metod Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri yo aprann. Genyen de (2) animate--nou pito rele yo “ pratikan “--ki rankontre ak gwoup la chak senmenn pou fe yon seyans ak yon metod Wonn Refleksyon. Yo fe sa pou si mwa. Anplis, pandan si mwa yo pral reyalize twa rankont ki dire 4 ed tan a 6 ed tan nan yon metod ki rele espas ouvri. Nou anvizaje entegre lot metod patisipativ tankou Refleksyon Bibla. Eksperyans sa yo pral ede patisipan yo devlope plis kapasite pou reflechi, analize, kominike, koute, ansenye epi kolabore. Se yon bon mwayen pou ede yo devlope kapasite nan lidechip.

Enfomasyon

Jim Engle-Warnick ak Andre Costopoulos, ki se pwofese nan Inivesite Mc-Gill nan monreyal, ap kolabore ak Eksperyans la ak Enstiti Espas Ouvri-Ayiti, pou reyalize yon evalyasyon sou enpak pratik wonn refleksyon ak espas ouvri genyen nan lavi moun. Jim Engle-Warnick genyen yon doktora nan siyans ekonomik epi li enterese anpil nan wol enstitisyon jwe nan sosyete epi ki sa ki nesese pou enstitisyon yo fonksyone byen. Andre genyen yon doktora nan Antropoloji. Li pale franse kouraman. Objektif dokiman sa a se pou kominoke entansyon nou epi envite fidbak ak kolaborasyon.

Sans ak Deskripsyon

Nou ta renmen aprann sou kijan pratik Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri afekte enstitisyon yo. Nou santi se yon kesyon enpotan paske anpil moun ak organizasyon sipoze enstitisyon fomel yo tankou lekol piblik, system jidisye, komisarya, biwo majistra, lopital, libreri, pomperi, ONG ak oganizasyon entenasyonal elatriye, ki mache ansanm ak enstitisyon enfomel yo tankou oganizasyon popile, etid biblik, ak lot gwoup ki nan kominote nesese anpil pou bati yon bon sosyete sivil. Pi souvan majorite ed peyi etranje ap bay an Ayiti ak lot peyi k ap resevwa ed, se pou bati epi ranfose enstitisyon nesese pou sosyete mache byen. Enstitisyon yo vin pi dinamik le yo genyen anpil moun ki fe yo konfyans epi ki patisipe nan yon fason pou ranfose yo. Men, si enstitisyon yo pa pemet manm yo ede yo amelyore, bay fidbak elatriye, yo pa p ka evolye byen. Si enstitisyon yo pa evolye byen, sosyete pa ka evolye byen.

Kesyon an se nan ki degre pratik Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri kapab kontribye nan dinamik kote sitwayen ap jwe yon wol aktif nan evolisyon enstitisyon fomel ak enfomel yo.

Pou nou fe sa nou pral fe yon sot de “kat de rezo sosyal” pou chak moun ki patisipe nan evalyasyon. Kat de rezo sosyal la ap sevi kom yon kat jeyografik kote nou ka we ak je nou yon imaj ki montre nou rezo moun nan epi jan li konekte ak lot moun ansanm nan lavi chak jou. Nou konte idantifye moun ki nan rezo sosyal pa yo, pa repons yo bay sou yon kesyon konsa: “ Pou akonpli tout bagay ki nesese pou akonpli nan lavi kotidyen ou, nan men kiles ou mande ed/konsey ? Site moun ki ou depann sou yo pou fonksyonen ? ” Repons nou jwenn sou kesyon sa a pral pemet nou kreye yon sot de kat jewografi ki reprezante tout moun epi ki konekte tout moun youn ak lot ki se rezo sosyal pa yo.

Defi devan nou se pou n devlope yon kesyone patisipan yo pral ranpli ni anvan ni apre fomasyon si-mwa ak Wonn Refleksyon ak Espas Ouvri (Kominote Aprantisaj). Anplis nou pral mande moun, nan sa nou rele yon gwoup kontwol, ki pa patisipe nan fomasyon, ranpli menm kesyone.

Kesyon kle nap konsidere pou kesyone sa a se, ”Le ou gade lavi kotidyen ou, ki aktivite nesese pou fe pou mennen lavi ou epi sou ki les ou depann pou ede ou reyalize aktivite sa yo ?” Li kapab ed pratik oswa ed kom konsey ou mande moun.

Nap envite komante ou/ kesyon ak lide ou. Ou ka ale sou www.eksperyansla.info pou aprann pi plis sou evalyasyon an epi ou ka bay fidbak ou.

Jim Engle-Warnick ak John Engle

pou jwenn dokiman sa a an angle klike sou : LearningCoopImpactEvaluation


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited February 24, 2005 11:17 am USA Pacific Time by pcp09745993pcs.hershy01.pa.comcast.net
Search: