NotRankontJanviye2005

TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome

FonEksperyansla

LetkiPwopozeAjendapouRankontJanviye2005


Rankont KFEL 22 janviye 2005

Dezyem rankont fomel Biwo Limye Lavi 10 ze pou 3 ze konsa

prezan : kent annan, fremy cesar, frantzie cyril, david diggs, john engle, coleen hedglin, eddy sterling, steven werlin, rosemond, (lot moun?)

Nan premye rankont KFEL, nou te di zanmi KFEL gendwa patisipe nan rankont KFEL. Menmsi nou konnen yon pratik konsa kapab rann sityasyon yon tijan konplike kek fwa, sitou le zanmi KFEL pa rekonnet li pa manm epi se manm k ap fe travay KFEL epi ki gen responsabilite pou etabli reg ak politik, KFEL we zanmi nou yo kapab pote anpil sajes ki ka ede nou. Pa egzanp Eddy ak Rosomend pa manm nan KFEL. Eddy, anpatikilye, gentan ede KFEL anpil nan refleksyon nou yo epi nou kontan li disponib pou patisipe nan rankont yo epi nan konvesasyon sou list serve la. Zanmi KFEL gendwa fe kandida pou vin manm KFEL, si li vle epi si yon manm KFEL pwopoze l.


Kom dabitid, nou te sevi ak metod Espas Ouvri pou bati ajenda nou an. Olye nou te divize pou atelye yo, nou te deside pou nou tout rete ansanm paske tout sije enterese tout moun.


Fremy, John ak Jude te pwopoze Kent Annan vin manm nan KFEL

Klike anwo--LetkiPwopozeAjendapouRankontJanviye2005--pou li pwopozisyon yo). Tout moun prezan dako ak sa ki te pwopoze : John ap pwopoze Kent sou list serv KFEL la epi si pesonn pa eksprime yo pa dako apre set (7) jou, Kent ap apwouve kom manm nan KFEL

Kent gentan apwouve

(Klike la pou li reg pou ajoute nouvo manm WolakResponsabiliteKomiteFonEksperyansla)


Fremy, John ak Jude te pwopoze yon non pou gwoup k ap angaje pandan si mwa nan fomasyon WR ak EO : Kominote Aprantisaj

Moun prezan dako ak non sa a. Kom tout desizyon pandan rankont KFEL, si lot manm ki pa t prezan pa eksprime objeksyon sou desizyon sa a, desizyon gentan pran.


Ki politik ak pratik nou pou detemine metod pratikan yo ap sevi nan Kominote Aprantisaj ?

(Fok nou sonje, n ap pale sou selman pratikan ak gwoup k ap resevwa don nan Fon Eksperyans la. KFEL pa gen otorite sou tet pratikan an jeneral k ap travay ak gwoup ki pa jwenn finans nan Fon Eksperyans la)

John ak Jude (ak Kent menmsi se poko ofisyel pou l manm) te pwopoze Refleksyon Bib la vin fe pati nan metod pratikan ka sevi, si gwoup y ap travay ak yo, vle aprann Refleksyon Bib la.

Frantzie te eksprime li we Refleksyon Bib la mache byen ak WR ak EO.

Eddy di li poko kle pou li koman sa pral mache (Refleksyon Bib la ak WR ak EO).

David we ak WR, moun sipoze alez pou kritike teks la.

Steven te ajoute nan WR, moun sipoze alez pou kritike sa lot moun ap di.

Steven we olye nou pale sou Refleksyon Bib la, genyen yon lot kesyon ki pi pwofon ki pral detemine koman n ap fonksyone.

"Ki les nou ye, nan gwoup sa yo ? Ki bi nou genyen ansanm ?"

Li kle pou tout moun ki prezan: genyen plizye prensip n ap angaje pou n eseye respekte yo ansanm, prensip ki kapab gide nou menm ak anpil lot gwoup nan travay sa a.

Nou te eseye atikilye prensip k ap oryante travay gwoup yo. Sa ki anba se yon bouyon pou n pataje ak res manm nan KFEL. N ap mande pespektif lot manm nan KFEL epi ansanm, nou ka rafine sa yo :

Nou te poze tet nou, "Eske KFEL kapab fe yon lis metod l ap apwouve pou fomasyon l ap finanse ? epi eske lis sa a sipoze fenmen (esklisiz) ?"

Nou te tonbe dako pou pwopoze KFEL reponn kesyon an konsa :

KFEL pa p bay tet li responsabilite pou aji kom otorite nan sans detemine ki metod kapab merite fe pati nan yon Kominote Aprantisaj.

Nou pito konsantre sou aplikasyon prensip yo ak reyalizasyon bi yo k ap pwopoze anwo yo.

Kanmenm, pou lenstan nou we WR ak EO se yon bon fason pou ede nou aplike prensip epi reyalize bi nan yon Kominote Aprantisaj.

''' Menmsi nou toujou gen pou n pale sou Refleksyon Bib la epi koman metod sa a kapab ede yon gwoup, aktyelman pratikan k ap anime de (2) Kominote Aprantisaj diferan yo, ap entegre Refleksyon Bib la nan fomasyon yo poutet yo menm (pratikan ak patisipan) ak enstitisyon k ap finanse fomasyon an vle. Jan nou we l, se volonte pratikan ak enstitisyon k ap finanse fomasyonn an ak patisipan yo ki pral detemine si Refleksyon Bib la ap entegre nan fomasyon an. '''


Kisa pou n fe le yon pwoje soumet men pa gen twa manm nan KFEL apwouve l ?

Nou konstate gen plizye pwopozisyon ki gentan soumet epi ki pa gen twa manm apwouve l. Kapab gen plizye rezon pou sa. Manm nan KFEL pa two chofe poutet yo we poko gen lajan disponib pou finanse yo. Lot rezon, petet pa gen manm nan KFEL ki disponib pou rann Kominote Aprantisaj ki pwopoze yon vizit kom sa dwe fet. Fremy we sa kom rezon pwopozisyon Frantzie ak Jocelyn poko apwouve.

Nou te deside yon pratikan ki soumet yon pwopozisyon gendwa pwopoze yon lot moun pou fe vizit la, si pa gen manm nan KFEL ki disponib pou fe li. Sa vle di, si lot moun nan KFEL dako ak moun ki pratikan pwopoze pou fe vizit, lot twa manm nan KFEL kapab apwouve l.

Objektif vizit yo :

Depi pratikan ki soumet pwopozisyon we pa gen manm nan KFEL ki disponib pou fe vizit, se responsabilite PA L pou antann li ak yon lot moun epi pwopoze l. Nan ka sa a, nou te sigjere Frantzie kapab abode Samson pou we si li ta dako pou fe vizit la.

petet ekip lagonav pral bezwen fe sa tou, paske poko gen manm nan KFEL ki angaje l pou fe vizit nan Kominote Aprantisaj Misyon Dlo Fre a


Eske li ta bon pou n entegre nan pwosesis Kominote Aprantisaj la, yon evalyasyon fomel ?

Erik ak plizye moun ap pataje lide sa a depi kek tan. Nou we li kapab bon pou gen yon moun ki pa fe pati nan KFEL epi ki gen fomasyon nan evalyasyon pou rann Kominote Aprantisaj la yon vizit avan yo komanse fomasyon ak pratikan yo epi 6 mwa konsa apre yo gentan FINI fomasyon 6 mwa. Evalyate t ap poze yon seri de kesyon selon endikate pou n ka aprann pi plis sou enpak fomasyon sa a genyen sou fonksyonman gwoup/enstitisyon an.

Nou pran desizyon pou entegre etap sa yo nan pwosesis la epi n ap mete yon US$350 anplis nan bidje pou yon Kominote Aprantisaj la pou kouvri fre pou yon evalyate fe de (2) vizit. Nou poko fe plan pou idantifye epi fome evalyate yo.


Ki antite kapab prepare ak jere materyel pou Kominote Aprantisaj yo ?

Nou we se APA (Aprantisaj nan Pedagoji Altenatif), ki se Program Fremy kodone a, ki fe pati nan estrikti Limye Lavi, ki kapab pran lidechip nan sa. Se pratikan yo ak Fremy ki responsab pou asire gen liv (lot materyel tou ?) disponib le yo bezwen disponib, pou Kominote Aprantisaj yo.

Pwosesis pou jwenn liv yo :


Ki Wol ak Responsabilite KOMSA (komite apwouve apwobasyon an) ? Epi kibo Fon an ye onivo finans ?

Komsa, yon ekip twa manm KFEL ki eli chak ane, detemine ki pwopozisyon ki apwouve pa KFEL ap jwenn finans. Yo gendwa etabli priyorite petet selon jeyografi oswa kalite gwoup oswa lot krite yo bay. Pou lenstan, Fon an pa genyen lajan. Sa vle di, KOMSA pa gen travay. Le Fon an gen lajan, KOMSA ap gen responsabilite. Menmsi Fon an pa gen lajan, nou te jwenn de (2) oganizasyon ki finanse travay ann ayiti epi ki deside mete anplas yon Kominote Aprantisaj nan aktivite pa yo. Epi, yo deside pou sevi ak etrikti KFEL pou fe sa. Sa vle di, yo te voye lajan ki ka kouvri yon bidje nomal pou fomasyon pandan 6 mwa. Se pratikan Samson ak Paulaine nan Okap ki responsab pou yonn epi se ekip Lagonave ki reponsab pou yon lot (2 nan pratikan Abner, Ezner, Benaja ak Vana). Menmsi pwopozisyon sa yo te oblije apwouve pa KFEL (pwopozisyon ekip lagonave poko apwouve menmsi fomasyon te komanse), KOMSA pa antre nan ka sa yo.


Refleksyon sou posibilite kreye yon nouvo oganizasyon lot bo dlo a

Pwen sa a plis yon "kominikasyon" paske si sa t ap fet, sa pa foseman mande yon chanjman nan fonksyonman KFEL ak estrikti ak reg Eksperyans la. John, David, Steven, Erik ak plizye lot moun ap reflechi sou posibilite kreye yon nouvo oganizasyon ozetazini ki pa gen oryantasyon relije. Aktyelman, tout finans ki antre pou Eksperyans la ak Fon an pase nan Beyond Borders, ki baze nan Norristown (toupre Filadelfi) epi ki kolabore men nan men ak Limye Lavi. Menmsi Beyond Borders pa eseye fe moun konveti vin kretyen, estati li ozetazini se yon oganizasyon Kretyen. Genyen fondasyon ak moun ki pa vle kolabore ak oganizasyon Kretyen oswa nenpot lot relijon. Nou kwe li posib kapab genyen moun/fondasyon ki ta renmen finanse Kominote Aprantisaj yo men ki pa vle bay yon oganizasyon relije lajan. Se poutet sa a, n ap reflechi sou kreye yon nouvo oganizasyon. Lot rezon tou, petet nouvo oganizasyon an t ap gen yon vizyon yon tijan diferan de Beyond Borders. Petet nouvo oganizasyon an t ap konsantre sou Kominote Aprantisaj selman ; etabli yo, sipote yo, elatriye. Men, olye li t ap selman konsantre sou fe sa ann Ayiti, li t ap gen yon pespektif entenasyonel ki t ap menm gen ozetazini ladan l. Se pa selman Ayiti ki kapab pwofite de Kominote Aprantisaj yo.

Li enpotan pou di, nou pa genyen okenn finansman pou nouvo oganizasyon. Genyen kek moun k ap jis brase lide sou bagay sa yo epi li enpotan pou tout manm nan KFEL okouran de sa.


Evalyasyon

John te pataje yon bouyon sou yon fason pou abode evalyasyon enpak lontem. N ap jwenn dokiman sa a : EvalyasyonEnpakKominoteAprantisaj Se de (2) profese nan McGill? inivesite ki enterese ede nou ak sa epi pwopozisyon ki esplike nan dokiman an se pou Enstiti Espas Ouvri Ayiti bay lidechip nan evalyasyon an.

Angwo, tout moun prezan dako ak apwoch evalyasyon ki prezante menmsi nou konnen li pa p ka fe nou dekouvri tout enfomasyon nou ta renmen konnen. Manm vle rankontre ak pwofese McGill? yo pou pale pi plis sou sa avan nou ale pi lwen. Nou poko konnen ki le sa pral fet.

Apre moun te li dokiman sou evalyasyon an, yo te poze kek kesyon oswa bay kek remak :


FonEksperyansla

KominoteAprantisaj


TheExperimentWiki | RecentChanges | Preferences | Search | GlobalHome | HaitiHome
This page is read-only | View other revisions
Last edited February 24, 2005 11:32 am USA Pacific Time by pcp09745993pcs.hershy01.pa.comcast.net
Search: